Mezanmi, pa kite okenn moun redwi nan lajwa Bondye vle nou genyen. Si nou pèmèt mwen, kite m enstwi nou plis sou koze Sen Valanten an :
Valentin de Terni se te yon prèt katolik ki tap viv nan 3e syèk apre JeziKri. Li te konn fè maryaj ki te ilegal. Nan tan sa, katolik yo pat renmen lè kretyen yo marye, paske lè yo marye, yo pa vle al bay sèvis yo nan lame ankò. Nan lane 270. Gen istoryen ki di se te nan lane 280, yo kondane l pou sa epi yo koupe tèt li. Yo ta touye l nan dat 14 fevriye.
Men, nan menm moman an, Women yo te konn selebre yon fèt 15 fevriye. Non fèt sa se te Lupercus. Lè yap fete l, yo te konn frape medam yo nan vant pou yo te ka gen pouvwa fè pitit. Menm moun legliz te konn patisipe ladan. Se pap Gélase Ier ki te vin entèdi sa nan lane 494.
Nan lane 1496, Pap Alexandre VI sonje jan Valentin te mouri pou yon bagay ki gen tout sans yo. Lè sa, yo kanonize l, se sak fè yo vin rele l : Saint Valentin. Li vin tounen senbòl tout moun ki damou. Se depi lè sa, yo pran jou a pou selebre moun ki damou, ki pare pou yo marye, moun ki gen lanmou nan kè yo.
Piti piti, yo vin mete kèk pratik, tankou achte chokola, bay flè, elatriye.
M tris anpil lè m remake jan Satan ap itilize tout fason pou fè nou bliye enpòtans travay moun ki te kwè nan Bondye genyen. Li dyabolize jou yo, yon fason pou kretyen yo ka remèt tout moman fèt yo bay demon yo.
Pa kite Satan kondwi nou nan inyorans, pou n redwi nan libète ak lajwa Bondye ban nou chak jou, ke se jou fèt, ke se jou ki pa fèt.